FIZYON Sosyo-Demokrat denonse divizyon pouvwa KPT ak konsekans li sou Ayiti

FIZYON Sosyo-Demokrat denonse divizyon pouvwa KPT ak konsekans li sou Ayiti
Spread the love

Pati politik FIZYON Sosyo-Demokrat Ayisyen (FIZYON) eksprime kè sote fas a fason Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ap jere pouvwa a nan tèt Leta Ayisyen. Dapre FIZYON, pratik sa yo montre klèman ke dirijan yo ap defann enterè pèsonèl ak yon ti gwoup olye pou yo travay pou byennèt pèp la. Sitiyasyon sa a, dapre pati a, pral mennen Ayiti nan yon gwo twou enstabilite ak mizè san fen.

FIZYON denonse jan KPT a òganize divizyon pouvwa a tankou yon koulèv nèf tèt, kote chak manm deside pran kontwòl total sou resous Leta yo. Estrikti sa a, dapre pati a, kreye yon klima kote 10 moun deside tout bagay: 8 konseye prezidansyèl yo, premye minis la, ak Prezidan an. Pratik sa a pèmèt yo plase zanmi yo kòm majistra, delegasyon depatmantal, ak direktè jeneral nan gwo enstitisyon Leta tankou APN, EDH, AAN, DGI, AGD, ak ONA.

Pou FIZYON, estrateji sa sanble yon plan souke kò pou manipile eleksyon k ap vini yo, yon taktik deja itilize nan istwa politik Ayiti, tankou nan eleksyon 1995 ak 2000. Pati a raple ke eleksyon sa yo te make pa manipilasyon ak absans yon popilasyon ki pat gen konfyans nan sistèm nan.

Konsekans desizyon iresponsab yo

Konpòtman iresponsab dirijan yo deja gen konsekans grav sou peyi a. Nan nèf mwa sèlman, bilan pouvwa an plas la gravman negatif, dapre FIZYON:

Gang yo vin pi fò e ap aji avèk plis pouvwa.

Kidnaping ak asasinay ogmante, mete lavi popilasyon an nan danje kontinyèl.

Enfrastrikti tankou lekòl, legliz, ak lopital detwi, kite moun san sèvis esansyèl.

Komès ak ekonomi lokal la paralize, akoz gang yo k ap piye ak boule byen piblik ak prive.


Yon apèl pou chanjman prese prese

FIZYON fè apèl a konsyans tout Ayisyen pou kanpe kont sistèm sa a ki sèlman agrave kriz politik, ekonomik, sosyal, ak anviwònmantal nan peyi a. Pati a denonse echèk KPT ak sipòtè entènasyonal li yo, tankou CARICOM, ki selon yo pa reyisi ranvèse tandans destriktif la.

Pati a mande pou gwoup òganize ak moun ki gen memwa istorik ranmase kouraj pou ekzije yon lòt fòmasyon pouvwa ki gen volonte ak kapasite pou pote chanjman reyèl. Dapre FIZYON, se sèlman nan yon kad kote Ayisyen tout koulè leve vwa ansanm ak responsablite ke Ayiti ka soti nan kriz li yo.

RLnews

rlnewshaiti

Leave a Reply