Nan okazyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la, òganizasyon dwa moun Collectif Défenseurs Plus lanse yon apèl fò pou peyi a rekonèt epi respekte lang kreyòl la nan tout espas piblik yo. Dapre òganizasyon an, kreyòl la pa sèlman yon mwayen kominikasyon ; se yon senbòl rezistans, inite ak diyite kolektif ki make esans idantite pèp ayisyen an.
Pòtoprens, 28 oktòb 2025 .—Pou Défenseurs Plus, mete lang kreyòl la nan sant lavi nasyonal la se pa yon favo, se yon dwa. Lè sitwayen yo pa resevwa sèvis leta, jistis, edikasyon oswa enfòmasyon nan pwòp lang yo, sa vin kreye yon baryè ki kontinye agrave inegalite sosyal ak ekonomik nan sosyete a. “Eksklizyon lengwistik se yon vyolasyon dwa moun,” òganizasyon an raple.
Lang kreyòl, yon dwa fondalnatal
Défenseurs Plus fè referans ak analiz lengwis Giovanni Agresti ki montre dwa lengwistik yo fè pati dwa fondamantal moun, sitou pou pwoteje gwoup ki viktim diskriminasyon poutèt lang yo pale. Dwa sa yo vize garanti libète, respè, ak patisipasyon tout sitwayen nan lavi sosyete a, san baryè.
Konstitisyon 1987 la klè : atik 5 la deklare “Kreyòl se lang ki simante tout Ayisyen. Kreyòl ak Franse se de lang ofisyèl Repiblik la.” Defansè dwa moun yo estime liy sa a dwe sèvi kòm gid pou gouvènman, tribinal, lekòl, enstitisyon sante ak tout sèvis piblik.
Nan mitan kriz, kreyòl la kapab rebati konfyans ak solidarite
Nan yon peryòd kote ensekirite, kriz politik ak dekonpozisyon enstitisyon yo frape peyi a, Défenseurs Plus kwè se moman pou retounen nan sa ki rasanble tout Ayisyen : lang kreyòl la. Òganizasyon an estime yon itilizasyon serye, respekte ak sistematik kreyòl la nan kominikasyon ofisyèl yo kapab:
Fòkse transparans ak konfyans ant sitwayen ak Leta
Ranfòse inite nasyonal ak solidarite sosyal
Pèmèt plis patisipasyon popilasyon an nan kesyon piblik yo
Selon Défenseurs Plus, se nan lang majorite a konprann nou ka vrèman bati yon demokrasi ouvè ak patisipatif.
“Nou renouvle angajman nou pou defann diyite ak dwa tout sitwayen, san distenksyon lang oubyen orijin,” se deklarasyon Antonal Mortimé, ko-direktè Òganizasyon an. Défenseurs Plus ap kontinye defann aplikasyon dwa lengwistik yo, ankouraje jistis sosyal ak pwomosyon valè kiltirèl ayisyen an.
RLnews ( RL)
