PLANSPA salye nominasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan Monitè

PLANSPA salye nominasyon  Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan Monitè
Spread the love

Direktwa Pati Platfòm Nasyonal Sektè Popilè Ayisyen, di li resevwa ak jwa piblikasyon nan jounal ofisyèl Le Moniteur konsèy prezidansyèl tranzisyon an, ki te nonmen nan dat 16 avril 2024.

Travay konsèy prezidansyèl la se yon etap kle nan demach pou founi yon nouvo dirijan Ayiti, kap travay pou rezoud pwoblèm ki ap afekte tout koulè pèp Ayisyen an depi kèk tan. PLANSPA enkouraje tout aktè angaje yo pran dispozisyon nesesè pou fè pwojè a rive operasyonèl rapidman.

Pou asire yon tranziyon politik kredib ak demokratik, PLANSPA mande yon konsansis klè nan mitan aktè politik, ekonomik, ak òganizasyon nan sosyete sivil Ayisyen an. Sa a pral fasilite etablisman yon nouvo gouvènman ki pral òganize eleksyon kredib, onèt, ak demokratik, kòm yon etap pou renouvle pèsonèl politik nan peyi a.

PLANSPA ap kontinye angaje pou travay nan enterè pèp Ayisyen an ak detèminasyon pou sipòte pwosesis tranziyon politik la.

RLnews ( RL)

rlnewshaiti

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *