Pòtoprens, 11 me 2026 — Òganizasyon politik ak sitwayen Rezistans Demokratik (RED) voye yon lèt tou louvri bay Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (KSPJ), kote li denonse sa li rele feblès, silans ak pasivite sistèm jidisyè ayisyen an devan gwo kriz politik ak dosye sansib ki makonnen ak lavi nasyonal la depi plizyè lane.
Nan dokiman an ki adrese ak Prezidan KSPJ a, Majistra Jean Joseph Lebrun, RED di li konsidere moman an kòm yon peryòd kote konfyans popilasyon an nan lajistis “tonbe atè plat”, pandan plizyè desizyon ak aksyon jidisyè kontinye soulve kestyon sou entegrite sistèm nan.
Òganizasyon an fè konnen objektif demach li a se atire atansyon KSPJ sou responsabilite konstitisyonèl li genyen pou garanti etik, disiplin ak bon fonksyònman pouvwa jidisyè a.
RED mete kestyon sou jesyon kriz 2018-2021 an
Nan lèt la, RED pase an revi plizyè evènman politik ak jidisyè ki make peyi a ant 2018 ak 2021. Òganizasyon an kritike sa li rele silans KSPJ devan zak vyolans ak dezòd ki te make peryòd sa a, espesyalman epizòd 6 ak 7 jiyè 2018 yo.
RED reproche tou KSPJ pou pozisyon li te pran sou kestyon manda ansyen Prezidan Jovenel Moïse la, ansanm ak fason lajistis te trete dosye tantativ koudeta fevriye 2021 an, kote plizyè moun te arete epi lage san pwosè.
Daprè RED, nominasyon ansyen Jij Joseph Mécène Jean-Louis kòm prezidan tranzisyon pa kèk aktè politik te montre yon konfizyon ant politik ak lajistis, pandan plizyè lòt desizyon jidisyè nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse la kontinye alimante dout sou netralite sistèm nan.
Dosye Jean Roger Noelcius la soulve gwo kestyon
Youn nan pwen santral lèt la se kestyon ansyen jij Jean Roger Noelcius. RED raple, daprè enfòmasyon ki soti nan pwosedi jidisyè Ozetazini, ansyen jij la te rekonèt devan yon tribinal federal nan Miami li te siyen yon manda ilegal pou arete Prezidan Jovenel Moïse pandan li te toujou an fonksyon.
Pou RED, yon zak konsa depase kad yon senp erè teknik. Òganizasyon an estime sa reprezante yon itilizasyon lajistis pou objektif politik, e li mande KSPJ eksplike ki mezi disiplinè ki te pran kont ansyen jij la.
“Lè yon zak konsa rete san konsekans vizib, sa mete tout sistèm jidisyè a an kestyon,” se sa RED fè konprann nan lèt la.
RED kritike òdonans Jij Walter Wesser Voltaire la
RED fè anpil kritik tou sou fason Jij Walter Wesser Voltaire te jere dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse la.
Òganizasyon an kalifye òdonans jij la te rann an janvye 2024 la kòm yon “òdonnans lawont”, pandan li akize dokiman an dèske li ta chache pwoteje kèk moun ki ta enplike nan krim nan pandan li mete presyon sou pwòch ansyen prezidan an.
RED fè remake Lakou Dapèl Pòtoprens te deja anile òdonans sa a epi mande pou relouvri enstriksyon an. Nan sans sa a, li mande KSPJ fè konnen si gen ankèt ki louvri sou fason jij la te trete dosye a ak poukisa li toujou ap egzèse fonksyon li san okenn mezi vizib.
Òganizasyon an mande ankèt ak plis transparans
Nan konklizyon lèt la, RED mande KSPJ pran plizyè mezi rapid, tankou:
- Louvri ankèt administratif ak disiplinè sou tout majistra ki site nan desizyon oswa zak ki gen rapò ak kriz politik 2018-2021 an ak dosye asasina Jovenel Moïse la;
- Pibliye yon rapò piblik sou eta disiplin ak etik nan sistèm jidisyè a;
- Pran pozisyon klè kont itilizasyon lajistis kòm zouti politik;
- Eksplike poukisa kèk majistra ki asosye ak dosye kontwovèsyal kontinye ap fonksyone san sanksyon.
RED fini pa mande KSPJ “redinamize lidèchip li” sou tout aparèy jidisyè a, pandan li ensiste sou nesesite pou retabli konfyans popilasyon an nan lajistis.
“San konfyans, pa gen jistis. San jistis, pa gen Leta dedwa,” se sou deklarasyon sa a òganizasyon an fèmen lèt li a.
RL News
