“ Tout lekòl ki an difikilte nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la dwe relouvri nan mwa novanm 2023″, selon Nesmy Manigat

“ Tout lekòl ki an difikilte nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la dwe relouvri nan mwa novanm 2023″, selon Nesmy Manigat
Spread the love

Ministè Edikasyon nasyonal ap planifye ak direktè lekòl piblik ki poko ouvè nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la pou lekòl rekòmanse nan nwa novanm pou pi ta.

“ Tout lekòl ki an difikilte nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la dwe relouvri nan mwa novanm 2023 sa a”. Se prensipal desizyon ki pran apre diskisyon ant minis Nesmy Manigat ak yon kenzèn direktè lekòl pandan yon rankont ki te dewoule nan jounen madi 24 oktòb 2023 a, nan Enspeksyon jeneral Edikasyon nasyonal, nan Miso.

Sou kesyon sa a, minis Nesmy Manigat di li rekonèt gen anpil jefò ki fèt nan lide pou etidye tout konpleksite pwoblèm lekòl ki pa kapab fonksyone jouk jounen jodi a. Pakont, minis Edikasyon nasyonal la estime rete kèk pa ki dwe franchi pou fasilite tout timoun tounen lekòl e tout anseyan reprann travay yo san kè sote, tout kote.

Pou sa rive fèt, patisipan nan rankont sa a estime Leta dwe pran tout dispozisyon pou fasilite elèv yo retounen lekòl. Yon lòt kote, yo mande Leta pote plis atansyon ak aktivite plizyè ONG ak lòt òganizasyon entènasyonal ki pa ankouraje popilasyon ki deplase yo libere lekòl yo, pandan y ap pote divès kalite èd pou yo.

Minis la ak Direktè yo abòde nesesite pou gen gwo netwayaj ki fèt nan sit sa yo nan mete yo nan bon kondisyon ijyèn pou akeyi elèv ak pèsonèl pedagojik yo, men tou nan remete aladispozisyon lekòl yo materyèl tankou tablo, tab, chèz, ban, elatriye.

RLnews ( RLN)

rlnewshaiti

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *