“Rezo sivik pou pwomosyon sitwayen kondane zak seksyèl ak videyo ponografik nan vil Okap ak Ench”

“Rezo sivik pou pwomosyon sitwayen kondane zak seksyèl ak videyo ponografik nan vil Okap ak Ench”
Spread the love

Sektè fanm nan Rezo sivik pou pwomosyon sitwayen (RECIPROC) konstate, avèk anpil tristès e endinyasyon, degradasyon sitiasyon Politik, Sosyal ak Economik peyi a. Lè n konsidere denye eskandal seksyèl ki pase nan vil Okap ak nan vil Ench, e apre vagabon mal entansyone te finn pibliye videyo ak foto ponografik plizyè jèn fi sou rezo sosyal yo, kote pi fo ladan yo se elèv lekòl e yo minè.

RECIPROC kondane ak tout fòs li, banbòch seksyèl makonnen ak mechanste sa yo, ki depi kelke tan vinn rantre nan sosyete nou an. Zak sa yo dwe revolte konsyans tout manman ak papa Ayisyen ki responsab.

RECIPROC mande Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, tout òganizasyon fanm nan peyi a, pou yo pran prese baton peleren yo, pou yo mete sou pye yon bon kanpay de sansibilizasyon ak edikasyon seksyèl atravè tout peyi a. E menm kote a, fòk desizyon pran nan Leta pou tijèn sa yo, minè sa yo jwenn bon jan akonpayman psikolojik ki pou pèmèt yo reprann plas yo san pwoblèm nan sosyete a. RECIPROC ap mande tout paran pou yo pran responsabilite yo nan suiv frekantasyon ak kontwole rantre ak sòtii pitit yo.

RECIPROC pwofite pou l felisite Komisyon Gouvènman Okap la Mèt Durand Charles Edouard,ak Komisyon Gouvènman Ench la, Mèt Malherbe Abraham, pou entèvansyon rapid e muscle yo te fè nan dosye sa yo. E nap pwofite di yo kenbe pa lage. Rezo civik pou pwomosyon sitwayen envite jenès la resezil, pou yo kenbe dinyite yo devan lajan fasil, sispann kopye tout move ekzanp sou rezo sosyal. Jenès la se avni peyi a, men fòk se yon jenès ki fòme.

Sèl chimen ledikasyon ak bon jan fòmasyon ki kapab fè yon vin yon moun tout bon, demen pou yo ka itil tete yo ak itil sosyete a. Nou ankouraje yo itilize rezo sosyal yo pou fè rechèch ak pataje lide sou sijè ki ap gen enpòtans pou avni yo.

Poun fini, RECIPROC ap mande Ayisyen konsekan pou yo pa sitire move pratik sa yo, kap detwi jenès la. Pou yo denonse tout pwofitè kap eksplwate jèn yo pou pran plezi ak fè lajan nan move kondisyon. AYITI nou vle a se tout Ayisyen nan tèt ansanm ki pou fè l, menm jan nan tèt ansanm nou fè kanal dinyite a nan Wanament.”

RLnews ( RLN)

rlnewshaiti

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *